Print Mastery
Webinar LIVE Pou Debitan

Aprann Fè Epi Vann Pwodwi Pèsonalize

Dekouvri kijan pou kòmanse biznis pwodwi pèsonalize ou, menm si ou pa gen eksperyans epi ou gen yon ti bidjè.

16 Aout 20267:00 PM ET$7 sèlman

Plas yo limite. Rezève pa w la jodi a.

Webinar Pwodwi Pèsonalize ak Emmanuel Duval
Poukisa Webinar Sa Enpòtan?

Ou Pa Bezwen Yon Gwo Bidjè Pou Kòmanse

Anpil moun vle antre nan biznis pwodwi pèsonalize, men yo pa konnen ki materyèl pou achte, ki ekipman pou itilize, kijan pou fè pwodwi yo, oswa kijan pou jwenn kliyan. Nan webinar sa a, nou pral montre w yon fason ki senp, pratik ak aksesib pou konprann kijan biznis la fonksyone.

Kòmanse kòm debutan

Ou pa bezwen gen eksperyans nan design, enpresyon oswa sublimation.

Kòmanse ak ti bidjè

Aprann ki materyèl ak ekipman ki pi enpòtan pou achte an premye.

Aprann fè pwodwi

Gade kijan kèk pwodwi pèsonalize fèt an dirèk.

Aprann vann yo

Dekouvri kijan pou jwenn kliyan epi fè premye lavant ou.

Kontni Webinar La

Men Sa W Ap Aprann Pandan Webinar La

Kijan biznis pwodwi pèsonalize a fonksyone

Kijan pou kòmanse menm si ou gen yon ti bidjè

Ki ekipman ak materyèl ou bezwen

Ki pwodwi ki pi fasil pou yon debutan kòmanse avèk yo

Kijan pou fè pwodwi pèsonalize ki bèl ak pwofesyonèl

Ki kote pou jwenn materyèl ak pwodwi blank yo

Demonstrasyon Live

W Ap Wè Kèk Pwodwi Fèt An Dirèk

Sa pap sèlman yon webinar kote nou ap pale. Nou pral montre w kijan kèk pwodwi pèsonalize fèt, depi nan preparasyon design lan rive nan pwodwi final la.

Tumbler 20 oz
Demonstrasyon
Tumbler 20 oz
Phone case
Demonstrasyon
Phone case
Mug
Demonstrasyon
Mug
Tablo
Demonstrasyon
Tablo
Pou Kiyès?

Webinar Sa A Fèt Pou Ou Si...

Ou se yon debutan ki vle kòmanse yon nouvo biznis

Ou enterese nan sublimation ak pwodwi pèsonalize

Ou vle fè plis lajan ak yon aktivite ou ka fè lakay ou

Ou pa konnen ki ekipman oswa materyèl pou achte

Ou deja gen kèk ekipman, men ou poko kòmanse vann

Ou vle kreye pwodwi pou fèt, biznis, maryaj, anivèsè oswa kado

Ou pa bezwen gen eksperyans. Nou pral eksplike tout bagay nan yon fason ki fasil pou konprann.

Prezantatè

Kiyès Ki Pral Anseye Webinar La?

Emmanuel Duval
Fondatè Print Mastery Coaching

Emmanuel Duval

Emmanuel Duval se yon antreprenè, kreyatè kontni ak fòmatè ki ede moun aprann kijan pou sèvi ak konpetans, teknoloji ak pwodwi pèsonalize pou kreye sous revni.

Atravè Print Mastery Coaching, li ede debitan konprann ekipman yo, kreye pwodwi, devlope yon mak epi jwenn kliyan.

Òf Espesyal

Chwazi Tikè Ou

Ou vle plis pase fòmasyon an? Pase sou VIP epi jwenn resous pratik ou ka itilize anvan ak apre webinar la — lis founisè, checklist ekipman, cheat sheet pri, checklist pou kòmanse biznis ou, ak yon gid pou jwenn premye kliyan ou yo.

General Admission
$7/ aksè webinar

Tout sa w bezwen pou swiv webinar LIVE la.

  • Aksè nan webinar LIVE la
  • Fòmasyon konplè ak demonstrasyon
  • Kesyon ak repons jeneral

Peman an sekirize atravè Whop.

Best Value
VIP Pass
$27/ aksè + resous

Vini prepare ak resous ou bezwen pou pran aksyon.

  • Aksè nan webinar LIVE la
  • VIP Resource Pack
  • Lis founisè (Supplier List)
  • Checklist ekipman
  • Checklist pou kòmanse biznis ou
  • Cheat sheet pou fikse pri pwodwi
  • Mini-gid: Kijan pou jwenn 10 premye kliyan ou
  • Kesyon ak repons an priyorite (Priority Q&A)

Pou sèlman $20 anplis pase General Admission, w ap jwenn zouti yo ak aksè priyorite pou tire plis valè nan webinar la.

Konte Rekiwaz

Webinar La Ap Kòmanse Nan...

FAQ

Kesyon Moun Poze Souvan

Premye Etap La Se Rezève Plas Ou

Ou pa bezwen konnen tout bagay pou kòmanse. Ou sèlman bezwen pran premye etap la epi vini aprann kijan biznis pwodwi pèsonalize a fonksyone.

16 Aout 20267:00 PM ET$7 sèlman

Ranpli enfòmasyon ou yo epi kontinye sou Whop pou finalize enskripsyon ou.

Webinar LIVE
$7 oswa VIP $27 • 16 Out 2026